Plis pase 17 500 moun deplase apre nouvo vag vyolans nan Site Solèy

Par ALTIDOR Ronex

#Repost #ORRAH

Vyolans ame ap kontinye frape anpil fanmi atravè peyi a. Jodi a, gen plis pase 1,47 milyon moun deplase, pami yo plizyè milye timoun k ap viv nan gwo mizè ak nan kondisyon ki difisil anpil.

Depi kòmansman mwa me a, yon nouvo vag vyolans nan Site Solèy fòse prèske 17 500 moun kite lakay yo pou al chèche refij nan plizyè sit deplase nan zòn metwopolitèn Pòtoprens.

Pou reponn ak bezwen ijan sa yo, DINEPA, an kolaborasyon ak #UNICEF, ap deplwaye plizyè aktivite esansyèl nan domèn dlo, asenisman ak ijyèn, tankou :

  • Distribisyon dlo ak kamyon sitèn;
  • Jesyon pwen dlo yo;
  • Aktivite sansibilizasyon ak edikasyon pou timoun yo pou ede anpeche pwopagasyon maladi.

Nou adrese yon gwo mèsi bay @OCHAFunds pou angajman li ak sipò finansye enpòtan li bay, ki vin ranfòse efò n ap fè sou teren an pou sipòte kominote ki pi vilnerab yo.

#RHPFLAC #PouChakTimoun #UNICEF #DINEPA #Ayiti